AYITI/ SANTE : MSPP RESEVWA YON PREMYE LO VAKSEN KONT KOWONAVIRIS LA.

Gouvènman ayisyen an a travè ministè sante piblik resevwa yon premye lo dòz vaksen  » Moderna » kont maladi kowonaviris la, daprè enfòmasyon ki bay jounen mèkredi katòz (14) jiyè 2021 an.

Ministè sante piblik ak popilasyon ( MSPP), fè konnen mèkredi katòz (14) jiyè 2021 an, resevwa senk san mil (500 000) vaksen « Moderna », se yon kado peyi Etazini fè ak Ayiti nan kad pwogram « Covax » la, daprè MSPP.

Pou fini, otorite yo nan ministè sante piblik yo estime se yon gwo pa nan lit kont maladi kowonaviris la nan peyi Ayiti. Nou ap siyale, maladi kowonaviris ki deja touye 487 moun mouri nan peyi Ayiti.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …