AYITI/SEKIRITE : 3 PREZIME MANM GANG BAZ  » 5 SEGOND  » ARETE NAN VIL OKAY .

Minis jistis ak sekirite piblik la Mèt Rockfelleur Vincent , sou kont Twitè fè konnen gen 3 manm baz  » 5 segond » ki jwenn arestasyon yo nan vil okay madi 16 mas 2021 an .

Minis jistis la fè konnen 3 prezime bandi sa yo kise Hilaire Michelin ,Gaspard Roberto ak Délile Guerson . Daprè minis jistis Rockfelleur Vincent, 3 mesye sa yo te nan yon machin « suziki  » ki gen plak imatrikilasyon : BB 09-733 .

N ap siyale selon twit minis lan 3 prezime bandi manm baz  » 5 segond  » yo jwenn arestasyon gras ak otorite lapolis nan depatman sid yo presizeman lapolis ki nan vil okay .

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/DINEPA: DINEPA ADRESE LI AK POPILASYON AN.

Nan yon avi ki pote dat 21 janvye 2025 « DINEPA » adrese li ak popilasyon an …