AYITI/SEKIRITE: BON PYE ARNEL BELIZAIRE FÈL PA ANBA KÒD LAPOLIS.

Ansyen depite Delmas a Arnel Belizaire rive chape poul li jounen vandredi 29 novanm 2019 la nan vil Senmak kote lapolis ta al mete li anba kòd.

Lapolis ki gen lòd pou mete anba kòd Arnel Belizaire tal tante arete li nan yon otèl nan Senmak kote ansyen depite a te gen pou li te bay yon konferans pou laprès selon enfo yo, Arnel Belizaire ki te aprann nouvèl la te met van nan vwal li e menm kite machin li nan lakou otèl la pou lapolis pat metel anba kòd.

Nap raple Arnel Belizaire te fè konnen nan yon radio nan kapital la ke li nan vire won nan depatman nò a peyi pou relanse mouvman mobilizasyon pou fòse prezidan repiblik la Jovenel Moïse pou kite pouvwa a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …