AYITI/ SEKIRITE: LAPOLIS LA PRAL MARE AK FÈ SÈSO TOUT ENDIVIDI AK BANDI KITE PATISIPE NAN ZAK PIYAJ YO .

Lapolis nasyonal peyi  Dayiti ap gen pou fouke tout bandi ki te piye sikisal « Sogebank » nan Matisan epi piye plizyè magazen nan rejyon metwopolitèn lan, daprè direktè jeneral pou ti bout tan polis la Léon Charles.

Kòmandan an chèf polis la, fè konnen lapolis la pral mare ak fè sèso tout endividi ki ap benyen nan move zafè ak komèt vye zak nan peyi . Sitou, sila yo ki te patisipe nan vòlè, kase kòfrefò, piye magazen ak nan zak kidnapin.  » mwen ap raple enstitisyon polis la legal, li la pou garanti sekirite nan peyi a » deklarasyon Léon Charles, ki pwofite okazyon an pou envite polisye pou pa gade sou sa bandi yo ap fè. Li ajoute poul di : » nou ka aji ak fòs, detèminasyon pandan nou ap respekte lalwa ».

Nou ap siyale, responsab yo nan lapolis la anonse gen bon jan materyèl pou kapab mache kontre kare ak bandi yo ki ap fè zèfèyis nan peyi a.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …