AYITI/SEKIRITE: LAPOLIS METE ANBA KÒD ANSYEN DEPITE DELMA A ARNER BELIZAIRE AK YON PIL GWO ZAM AK LAJAN.

Byen bonè maten samdi 30 novanm 2019 la lapolis rive mete men sou Arnel Belizaire nan vil jakmèl ak plizyè lòt akolit li ki te ansanm avèk li.

Ansyen depite a ki te rive chape jounen 29 novanm 2019 la nan vil Senmak rive pran kòd nan vil Jakmèl, selon enfo yo Arnel Belizaire te gen avèk li plizyè nèg e yo te gen gwo zam nan men yo anpil minisyon epi anpil lajan nan men yo.

Enfòmasyon yo ta fè kwè lapolis nan vil Jakmèl ta gentan remèt depite bay lapolis nan lwè pou fè swivi yo. Nap raple Arnel Belizaire te genyon manda arete mennen vini dèyè li.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …