AYITI/SEKIRITE: LAPOLIS NAN VIL OKAY METE MEN NAN GAGANN YON  CHÈF BANDI KI NAN BAZ KILLIKOU

Lapolis nan vil Okay mete nan gagann Jean Wisnor samdi 14 desanm 2019 la.

Jean Wisnor akize kòm yon gwo bandi ki tap taye banda nan vil Okay nan zòn Savann ke se li menm ki ta chèf la, selon enfòmasyon yo Wisnor ta fè pati gwoup bandi ki rele KILLIKOU, ki te soti video sou rezo sosyo yo kote yo te mete kagoul gwo zam nan men yo.

Wisnor akize nan plizyè zak bandi nan vil la nan dènye jou yo, selon enfo yo li se moun ki te patisipe nan boule mache ak yon bis konpayi « Dignite » nan mwa novanm lan.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …