AYITI/SEKIRITE: NAN OPERASYON MATISAN AN 7 BANDI MOURI

Nan yon Konferans pou laprès jounen samdi de (2) oktòb 2021 an, Leon Charles bay detay sou operasyon lapolis te mennen nan Matisan, nan sware vandredi premye oktòb 2021 an.

 » Lapolis touye 7 bandi ak plizyè lòt blese », daprè direktè jeneral pou ti bout tan polis la Léon Charles, ki fè konnen gen yon polisye ki mouri ak yon cha blennde lapolis ki boule rapyetè. Kòmandan Léon Charles, ki presize Lapolis ap kontinye ak seri operasyon yo pou kapab retire tout pikan kwenna ki ap bay pwoblèm nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan.

N ap raple, sou menm kòmandan Léon Charles, nan yon operasyon nan vilaj de Dye 12 mas 2021 an, pou piti 8 polisye te mouri nan vilaj de Dye anba bal bandi jiskaprezan kò yo rete nan vilaj la.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …