AYITI/SEKIRITE: PANDAN FÈT NWÈL LA, LAPOLIS FÈ YON KOUT FILÈ, YON GWO ZOTOBRE KAP VANN ZAM AK KATOUCH ILEGAL NAN PEYI A PRAN KÒD.

Nan lannwit 24 desanm pou rive mèkredi 25 desanm 2019 la plizyè inite nan lapolis la debake nan yon kay ke selon enfòmasyon yo se Kay Abby Larco nan zòn « Puit blain »

Nan kay sila, lapolis jwenn anpil kès katouch ak zam san konte lòt materyèl ki gen rapò ak ekipman pou zam, selon enfòmasyon nou rive jwenn mesye sa se youn nan gwo trafikan kap vann zam ak katouch ilegal nan peyi a ak bandi kap opere nan divès kwen sou bout tè papa Dessalines nan. Otorite polisye poko bay okenn detay sou gwo operasyon sila ki rive bay arestasyon trafikan sa ak plizyè kès katouch ak materyèl sezi.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …