Lapolis nasyonal peyi Dayiti nan depatman Sid arete 14 Moun nan zòn la savane nan vil Okay, arestasyon sa yo vini nan 3 operasyon diferan yo rive fè pandan week-end pase a, kòmanse vandredi nan lasware, pran samdi pou rive jiska dimanch 12 Janvye 2020 an nan lasware.
Objectif operasyon sa a yo daprè direktè depatmantal Polis Sid lan Jacques Joël Orival, ki tap reponn kesyon jounalis Echojounal pou dimanch 12 Janvye 2020 an: se pou yo kapab deloje « kò gang » ke Dieune César, alyas « Kilikou » ap dirije, sitou aprè atak kifèt kont gro manm OP Lavalas « Ronald Félix », ki pran 2 bal samdi matin nan vant, pou kounyea viktim lan kouche lopital, men, lavi li pa an danje aprè operasyon li te fin sibi pou retire katouch yo.
Twa (3) nan moun ki arete yo genyen Cassamajor Myrto selon la polis ki se moun te nan tèt gwoup nèg kite atake ak mete dife nan sou komisarya kat (4) chemen nan vil Okay, Desjardins Frantzi selon direktè depatmantal polis toujou gen zam polisye « Zicko » nan menl, epi Sylvestre Geste se ta youn nan bra dwat Kilikou, ki li menm tou t ap pale nan video kite pibliye sou rezo sosyo yo.
Tout operasyon sa yo kite fèt nan ri Oxilius Fougère, Boisrond Tonnerre, Alexandre Petion ak Twa Frères Rigaud te dewoule an prezans komisè gouvènman Okay la Mèt Ronald Richemond, anpil sitwayen kritike move ajisman fòs lòd yo nan moman yo t ap fouye kay tout moun pou te rive jwenn chèf gang yo tap chèche a nan vil Okay.
Otè: Gédéon DELVA