AYITI/SEKIRITE: POLIS NASYONAL LA METE MEN SOU YON GWO CHÈF BANDI NAN VIL OKAY.

DIUNE SEZARD se yon gwo chèf bandi ki tap opere nan vil Okay pi presizeman nan komin Lasavane selon sa lapolis fè konnen, apre plizyè operasyon plizyè inite nan lapolis la mennen kote yo te arete plizyè moun men kilikou te rive chape poul li al Kache nan komin Chantal nan yon ti zòn ki rele Rivière des mornes.

Selon komisè Okay la se vijilans popilasyon kayèn nan ki koz yo mete lapat sou bandi sila ki patisipe nan anpil zak malonèt tankou kidnapping, vòl, vyòl, ak plizyè lòt ankò.

Atyèlman Kilikou sou kontwòl otorite leta kote li gen poul al reponn kesyon jij sou sa yo akizel yo.

Jocelyn Couyoute.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …