AYITI/SEKIRITE: RAMEAU NORMIL PWOMÈT PWOTEKSYON POU TOUT ELEV KI PRAL LEKÒL YO.

Anviwon yon mwa aprè l fin enstale kòm nouvo chèf pou yon ti bout tan nan tèt polis nasyonal la, mesye Normil Rameau vle konpòtel an yon vrè chèf. Nan yon rankont ak laprès dimanch 8 septanm 2019 lan ansyen responsab DCPJ a anonse yon pakèt mezi pou kapab sekirize elèv yo nan okazyon ouvèti lekol la lendi 9 septanm nan.

« Anpil dispozisyon deja pran pou akonpaye tout paran ak elèv kap reprann chimen lekol jounen lendi a », pawòl mesye Normil ki mete anpil anksan sou zòn matisan kote van ensekirite a ap vale tèren depi kèk tan.

Rameau Normil asire tout moun kafou ap gen plus polisye nan lari a, plus patwouy kap fèt pandan tout jounen an ak lanwit nan zòn matisan, bisantnè elatriye.

Nap siyale lekòl la reouvri nan yon moman kote peyi a ap konnen yo pakèt pwoblm pwoblm sosyal ak politik kote depi anviwon yon semèn se nan gwo tèt chaje pou moun jwenn ti goud gaz pou fonsyone.

Gédéon DELVA

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …