AYITI/SEKIRITE: REGINALD DELVA MANDE AKTÈ KONSÈNE YO NAN SEKIRITE PIBLIK LA POU DEVLOPE PLIS ESTRATEJI POU FRENNEN ZAK KIDNAPING ANNDAN PEYI A

Ansyen sekretè deta ak sekirite piblik la,Reginald Delva mande pou gen bon dispozisyon ki pran yon fason pou rive frennen dosye zak kidnaping nan ki vle parèt tèt li depi kèk mwa nan peyi a.

Ekspè nan sekirite piblik la fè konnen mizè ki tabli nan peyi a se prensipal koz ki pèmèt zak kidnaping nan retounen andedan peyi a ki pral mete gwo kè sote nan mitan popilasyon an ki te deja ap viv sou presyon akoz ensekirite a.

Nan sans sa Reginald Delva rekòmande otorite yo pou tabli konfyans ant pouvwa piblik la ak popilasyon an yon fason pou klima lapè a rive tabli nan tout peyi a.

Pilwen Toujou mesye Delva fè konnen pi fò kinadping ki fèt yo se prèske nan zòn moun paka frekante epi ki chaje ak bandi nan zòn metwopolitèn nan.

Poun fini nap raple Reginald Delva pandan pasaj li kòm sekretè deta piblik la,se prensipal moun ki te konn ap batay kont tout zak kidnaping nan peyi Dayiti.

 

Otè: Rikenson Fulgeance

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …