AYITI/ SEKIRITE: YON NOUVO DIREKTÈ POLIS ENSTALE NAN DEPATMAN SANT.

Otorite nan lapolis la enstale jounen jedi dis (10) jen 2021 an, Ralph Dominique kòm nouvo direktè polis nan depatman Sant.

Enspektè jeneral Paul Thomas ki te pwosede ak enstalasyon an , an prezans komisè gouvènman Ench lan mèt Veliton Joseph, ajan egzekitif vil Ench lan Estaman Elmetus ak plizyè lòt ankò.

Nan diskou li nouvo direktè polis depatman Sant lan, Ralph Dominique, ki remèsye wo eta majò polis la ki chwazil, nouvo enstale a pwomèt pou mete sekirite nan depatman an kouri dèyè tout Bandi.

Nou ap raple, Ralph Dominique, te deja okipe pòs direktè depatmantal polis Sant chanjman sa vini nan kad estrateji polis la ap fè pou mete sekirite nan depatman Sant.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …