AYITI/SEKIRITE:*LAPOLIS ARETE YON JÈN FANM 30 LANE POU FO KIDNAPIN

Dorcé Fanette jwenn arestasyon li jounen mèkredi 21 avril 2021 an aprè li te fin kidnape pwòp tèt li, pandan 2 fwa pou li te pran lajan nan men fanmi li nan lide pou te libere yon prizonye li te rankontre epi  damou sou facebook  daprè otorite lapolis yo._

« Tonbe damou pou yon prizonye li rankontre sou facebook, Dorcé Fanette ki gen 30 lane sou tèt li, fè yon premye fo kidnapin nan nwa novanm 2020 an. Paran li debouse 350, 000 goud », daprè enfòmasyon lapolis revele sou dosye a.

Sepandan, toujou daprè enfòmasyon lapolis, premye lajan sila a, madam Dorcé Fanette pran li li bay yon jij, men prizonye a pa lage.

« Li refè yon lòt fo kidnaping 19 avril 2021 an kote paran li debouse 250,000 goud », daprè sa lapolis fè konnen.

Fòs lòd yo, pou moman kounya, fè konnen Dorcé Fanette nan gadavi pou swit legal.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …