AYITI/SEREMONI: MANIFESTAN YO SAKRIFYE YON KOCHON DEVAN ANBASAD ETAZINI.

Yon gwoup manifestan sakrifye jounen jedi 28 novanm 2019 la yon kochon devan anbasad peyi Etazini nan lakou peyi Dayiti.

Manifestan yo ki te kèk dizèn yo te gen nan mitan yo atis komedyen Matyas kote yo te gen sou yo mayo blan ki make « Freedom
« , yon dam trase yon vèvè atè ak sou kochon an mete piman jete kleren gaz kote yo tap chante pou sakrifye kochon an.

Youn nan manifestan yo fè konnen se yon sakrifis konsa ki te bay Ayiti endepandans se pou sa yo refèl ankò pou ginen yo pote yo sekou yon lòt fwa ankò pou libere peyi a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …