AYITI/SIKILASYON:WOUT NASYONAL #2 YON KALVÈ POU MOUN.

Sikilasyon sou wout nasyonal #2 a , depi kèk jou parèt kòm yon imaj ki bay anpil kè sote

Madi 27 oktob 2018 la yon blokis sou wout kafou nan nivo matisan, te lakoz anpil moun viktim anba operasyon nèg matisan yo tap fè.

anpil moun kitap travay anba lavil te oblije kase tèt tounen al chache yon ti kote pou yo dòmi swa nan travay yo oubyen kay yon pwòch paske sitiyasyon si la te ensipòtab .

nan sans sa abitan zòn matisan, fontamara, kafou , mèje, gresye, ak leyogan, mande dirijan yo di yon mo pou yo ,paske yo bouke viv ak anba gwo presyon endividi malonèt sa yo .

Blokis sa ki te lakòz bandi ak zam moun pa rive idantifye fouye anpil pasajè ,pote ale sa yo te jwenn nan men pasajè yo ,sa bay anpil kè kase pou moun kap viv nan zòn nou sot site la yo.

Ginaestanis4625@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …