Prezidan lakou kasasyon an, René Sylvestre, mouri jounen mèkredi venn twa(23) jen 2021 an, nan maladi kowonaviris yon nouvèl ki frape tout peyi ak divès sektè yo.
Kiyès kite René Sylvestre la ? Mèt René Sylvestre, te fèt nan komin Senmak depatman Latibonit, se la li fè etid segondè li, yo te rele mèt paske li te etdiye epi li te rive lisansye.
Nan mwa Septanb 1993 pou rive Novanb 1994, li te komisè pou tribinal premye enstans Senmak nan kesyon tè. Sòti nèf (9) novanm menm ane a pou rive Oktòb 1995, li okipe pòs komisè gouvènman nan pakè tribinal premye enstans Senmak. Nan yon lane aprè, mèt René Sylvestre, te nome nan seksyon ki regle zafè nan tribinal premye enstans Senmak, sòti trant (30) novanm 1995 pou rive katòz (14) Dawou 1997. Majistra René Sylvestre ki pase venn sis (26) lane nan sistèm jistis la nan vil Senmak, douz (12) jen 1998 pou rive 12 me 2004, jij René Sylvestre, te okipe pòs dwayen tribinal premye enstans Senmak.
Manda majistra René Sylvestre, ki te renouvle nan lakou dapèl Gonayiv, men Sena repiblik la te nome Jij Sylvestre, nan lakou kasasyon. Nan dat twa (3) fevriye 2016, li te enstale manm konsèy pouvwa jidisyè (CSPJ), epi li te prete sèman nan mwa fevriye 2019.
Dieuva Occidor