AYITI/SOSYETE:FONDASYON KONBIT POU CHANJMAN PREZANTE EPI DEVWALE MOUN KI GENYEN KATRIYÈM EDISYON POU DEPATMAN LWÈS LAN.

Fondasyon konbit pou chanjman se yon inisyativ fondasyon digicel te mete sou pye nan lide pou bay jarèt ak kèk pwojè devlopman òganizasyon kominotè yo genyen.

 » Se te yon inisyativ fondasyon digicel te mete sou pye lè li t ap fete 10 lane li », deklarasyon Sophia Transkry, dirèktris fondasyon an, nan kad konferans pou laprès yo bay jounen Vandredi 12 Mas la.

Konbit pou chanjman, daprè madam Sophia Transkry, patisipe nan bay bourad ak anpil pwojè lapèch, elvaj ak agrikilti.

Yo te pwofite okazyon sila a pou bay non gayan katriyèm edisyon an aprè rale mennen vini ki te fin fèt sou istorisite konbit pou chanjman an. Pou deptman lwès la, gen 2 gayan ak 2 pwojè diferan : premye a gen yon pwojè elvaj lapen epi dezyèm nan, gen yon pwojè laboratwa enfòmatik.

N ap raple gayan dènye edisyon an te prezan nan seremoni sila a.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …