AYITI/TANSYON: ETIDYAN FAKILTE LETA YO PILE BETON AN POU MANDE JISTIS POU KAMARAD YO.

Byen bonè lendi 5 oktòb 2020 an etidyan nan fakilte leta yo tankou fakilte de dwa, etnoloji  ak plizyè lòt te plante pikèt yo sou beton an pou mande jistis pou kamarad yo Gregory Saint-Hilaire.

Etidyan yo ak kèk moun nan popilasyon an ki te rejwenn yo te move kou kong, yo te tire anpil wòch ak boutèy sa ki ta pral mete yon gwo mache prese nan tout kwen chanm mas la, kawotchou tap boule barikad nan kèk rantre ki bay aksè a chanm mas la san konte anpil katouch ki tap tire nan plizyè kwen. De (2) machin leta boule youn nan ri Marcelin epi youn nan avni Christophe.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …