AYITI/TRANBLEMAN TÈ:  GEN YON GWOUP MILITÈ AMERIKEN KI AP GEN POU VIN SIPÒTE YON ANTÈVANSYON AN AYITI.

_Anbasad ameriken nan peyi Dayiti anonse sou kont twitè li jounen jedi 19 dawout 2021 an, gen yon gwoup militè ameriken ki ap soti Kawolin Dinò kap gen pou vin sipòte yon entèvansyon an Ayiti ki gen pou wè ak katastwòf natirèl ki sot ravaje peyi a._

« Militè ameriken ap prepare yo pou chaje materyèl pou kite Cam Lejeune nan Kawolin Dinò », ekri nan twit la.

Pi lwen anbasad ameriken nan peyi Dayiti mansyone, toujou a travè twit la, militè sa pral deplwaye pou sipòte Gwoup entèvansyon konjwen an Ayiti nan kad yon misyon imanitè pou katastwòf.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …