AYITI/TRANBLEMAN TÈ: KOMIN PLEZANS TE FRAPE ANPIL NAN SEKOUS LA.

Komin Plezans, ki nan depatman Nip te resevwa gwo chòk nan sekous tranbleman tè samdi 14 dawout 2021 an, kote gen plizyè dega ki anrejistre nan komin sa a.

Nan yon entèvyou nan telefòn ak majistra komin Plezans lan, Eddy Myrtille, ki prezante yon bilan pwovizwa fè konnen yo anrejistre 18 moun ki mouri ak yon moun disparèt, plizyè santèn blese epi pou pi piti 2 mil kay andomaje ak kraze nan komin lan.

« Ou wè jiska nan moman ou rele mwen  pou entèvyou a la mwen poko resevwa okenn apèl ni okenn èd nan men otorite nan Leta santral. Se sèlman kèk ONG epi lòt sitwayen ki deplase vin pote èd nan komin lan », daprè deklarasyon majistra Eddy Myrtille, ki denonse pike kole kap fèt pou ale sipòte moun nan depatman Sid ak Grandans poutan depatman Nip gen anpil Viktim tranbleman tè a.

Nan fen konvèzasyon an, majistra Eddy Myrtille, ki mande ak moun kap pote èd yo pou pote manje, dlo, rad epi prela, tant, bwa pou kapab ede popilasyon an nan move enpas y ap travèse aprè pasaj goudou goudou 14 dawout la.

Dieuva Occidor

Kredi foto:lokal fandom

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …