Òganizasyon Regwoupman Sitwayen Pou Renouvo Nip (RECERE-N), fè konnen li pa wè twòp gwo bagay kap regle nan depatman Nip pou moun kite viktim nan tranbleman tè 14 dawout 2021 an.
Nan yon rankont ak laprès madi 31 dawout 2021 an, kòdonatè jeneral òganizasyon Regwoupman Sitwayen Pou Renouvo Nip (RECERE-N), Frantz Delia, fè konnen nan kad piwèt li reyalize nan komin kite viktim nan tranbleman tè a li pa wè anyen serye ke Leta, ONG yo ap regle pou ede popilasyon kite viktim nan katastwòf tranbleman tè 14 dawout la. Pwofesè Inivèsite a, ki mande ak Leta pou sispann nan mòd obsèvasyon men pito desann nan depatman Nip pou vin akonpanye anseyan yo, paran yo ki pral gen pou voye timoun yo lekòl ak direktè lekòl yo ki gen etablisman ki kraze nan tranbleman tè a.
Òganizasyon Regwoupman Sitwayen Pou Renouvo Nip lan, ki mande ak otorite lokal yo majistra, Kazek ak Azek yo pou ouvè je yo pou kapab ede kanalize epi mande bonjan èd dirab ak Leta, ONG yo pou sa kite pase nan tranbleman tè 12 janvye 2010 la pa retounen pase ankò.
Dieuva Occidor