AYITI/TRANBLEMAN TÉ: SELON ENJENYÈ CLAUDE PREPÉTIT, GEN GWO MENAS TRANBLEMAN TÈ SOU GRAN NÒ PEYI A

Nan yon atik jounal an liy Ayibopost ekri nan kad yon bat bouch ki te fèt ak direktè « bureau des mines » nan, Claude Prépetit, nan echanj sa, mesye Préptit fè konnen Gran Nò peyi a gen gwo menas tranbleman tè sou do l.

« Kote ki te gen tranbleman tè ap gen lòt tranbleman tè ». Sa ki vle di, fay Gran Nò ap gen pou lakoz lòt tranbleman tè ankò. Daprè mesye Prépetit, enèji yo akimile enèji.

« Posibilite pou ta gen yon tranbleman tè nan Gran Nò peyi a li elve anpil », daprè Claude Prépetit. « Enèji fay sa akimile a kapab debouche sou yon tranbleman tè soti nan nivo 8.0 pou rive nan nivo 8.3 »

Nan lane 1842, gen yon tranbleman tè ki te pase nan vil kap ayisyen ki te touye prèske mwatye popilasyon an.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …