AYITI/TRANBLEMAN TÈ:ÒGANIZASYON DWA MOUN « SONIDH » DENONSE VYOLASYON DWA VIKTIM TRANBLEMAN TÈ NAN GRAN SID LA.

Òganizasyon Solidarite Nipwaz Dwa Moun ki gen sig nan lang fransè ( SONIDH), denonse vyolasyon dwa moun viktim tranbleman tè 14 dawout 2021 an nan depatman Nip, Sid ak Grandans peyi a.

Nan yon konferans pou laprès vandredi twa (3) Septanb 2021 an, direktè egzekitif Solidarite Nipwaz pou Dwa Moun (SONIDH), mèt Marck-Arthur Bien-venue, fè konnen nan kad vire won ke li fè nan divès komin ki gen viktim tranbleman tè 14 dawout la, konstate vyolasyon dwa pou moun yo manje byen, dòmi byen ak dwa lasante.

Boutofen, defansè dwa moun lan mèt Marck-Arthur Bien-venue, ki raple ak Leta ansanm lwa ak konvansyon entènasyonal ke li ratifye kont vyolasyon dwa sitwayen yo nan peyi Ayiti, ki se manm limanite.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …