AYITI/VODOU: CHÈF KILT VODOU A FÈ YON TI RALE POU NASYON AN PANDAN KOMEMORASYON 213 ANE ASASINA PAPA NASYON AN.

Chèf kilt vodou ayisyen an ougan Cedral Noëlus fè konnen 17 oktòb 1806 sete dat ougan Anperè chanprèl bizango a ki se papa nasyon ayisyen an, kise papa Jean Jacques Dessalines, yo te anpwazone li nan Ri De lantèman kote yo te rache li pak anpak, Defile te pran rès kò a li te ale lage li Ponwouj.

Depi lè sa yo anpwazone agrikilti nou, yo anpwazone edikasyon nou, yo anpwazone jistis nou, yo anpwazone Kilti nou, yo anpwazone anvironman nou, depi lè sa yo anpwazone tout sa yo Konnen ki ka fè peyi a avanse.

Chèf kilt Vodou a mande pou tout ayisyen sonje idewoloji  Anperè Dessalines te genyen yo pou nou mete yo an pratik pou nou ka retire peyi nou nan sa li ye jounen Jodi a, kote se selman lamizè grangou, ensekirite kap taye banda soupèp ayisyen an

Viv ayiti alaso alaso

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …