AYITI/ZANMITAY:YON GWOUP JÈN AYISYEN BENEFISYE BOUS DETID POU PEYI REPIBLIK CHINE (TAYWAN).

Enstiti Nasyonal Ak Fòmasyon Pwofesyonel (INFP) nan tet kole ak Anbasad ChineTaïwan remet jounen lendi 23 sektanb 2019 lan plak akseptasyon bay ven (20) bousye ayisyen ki pral resevwa fòmasyon nan domèn jeni elektrik pandan 3 mwa nan peyi Taïwan.

Plak akseptasyon sa yo pral pèmèt jèn bousye yo rantre nan peyi Taïwan pou y al pran fomasyon k’ap komanse 28 sektanm pou rive 15 desanm 2019 k’ap vini la.

Daprè Direktè ENFP a Yves Villefranche ki di fomasyon sa li rantre nan kad kouperasyon anbasad Chine Taïwan ak Ayiti.

Mesye Villefranche ankouraje bousye yo pou mete oserye nan kad fòmasyon sa pou vin pataje konesans yo ak lòt moun.

Yon lòt kote Yves Villefranche di tou fomasyon an ap kontinye ak lòt gwoup pou fasilite jèn yo gen aksè ak yon metye teknik nan peyi a.

Anbasade Chine Taywan lan Bang-Zyh Liu bo kote pa l fè konnen inisyativ sa li vize ranfose lyen ki egziste ant Ayiti ak repiblik Chine Taïwan nan ede jèn yo genyen yon metye teknik k’ap itil yo pou avni yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …