AYITI/ZEN/EKONOMI: YON LIDÈ NAN OPOZISYON AN ANONSE LI PRAL ENVANTE YON LAJAN MONNEN NAN PEYI AYITI .

Nan yon konferans pou laprès madi venn senk (25) me 2021 an, sekretè jeneral pati politik Pitit Desalin lan Jean Charles Moïse, anonse li pral lanse pa twò lontan yon lajan monnen ki ap pote non  » Bit Goud », ki se yon lajan monnen elektwonik.

Daprè deklarasyon ansyen senatè Jean Charles Moïse, li fè konnen « Bit Goud » la se yon lajan monnen elektwonik ki pral lanse nan twa (3) mwa ki ap vini la , epi ki jwenn sipò peyi Kiba, Lachin, Panama, Venezyela ak lòt ankò. Ansyen kandida pou pòs prezidan an Jean Charles Moïse, presize pwojè nouvo lajan elektwonik  » Bit Goud » la pral amelyore kondisyon vi popilasyon ak pèmèt gen anpil echanj ki fèt an Ayiti ak entènasyonal la.

Nou ap raple, bank repiblik Ayiti ( BRH) nan yon konkou yo te òganize te chwazi non « Bit Kòb » pou nouvo lajan monnen elektwonik ki pral gen pou itilize nan peyi a .

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …