FANTOM FACHE SOU TONY MIX.
Nan yon videyo ki ap sikile sou rezo sosyal yo, Fantom bay Tony mix jiska midi pou li mande eskiz.
« Tony ou gen jiska midi pou ou eskize w. Nèg geto a, volè a ak kidnapè a ba w jiska midi pou w eskize w. Ou konn Fantom pa pale defwa », deklarasyon nèg kò vè a.
Yon pòs Tony mix fè sou rezo sosyal yo ki ta gèlè gen rapò pou w wè ak madanm Fantom ki lakoz papa rap la fache kou kong, daprè sa enfòmasyon yo fè konnen.
« Mwen di deja manman m, pitit mwen ak madanm mwen moun pa radote avèk yo », ekri sou kont enstagram ansyen rapè BC a.
Sepandan, sa ki ap pase ant Fantom ak Tony mix fè anpil entènòt reyaji. Gen nan yo ki kwè Fantom ta dwe rele DJ a li rezoud pwoblèm nan avè l, genyen tou ki kwè Fantom se presyon li ap bay, menm jan ak lè li te mande Leta pou remèt li machin li a.
Annatandan, echo Jounal ap kenbe enfòme sou tout lòt aktyalite bouch louvri sila a ap pwovoke.