AYITI ZEN: GRACIA DELVA GEN BON RELASYON TELEFÒN AK CHÈF BANDI ANEL.

Nan yon soti tèt chaje senatè lwès la Zokiki fè jodi madi 23 avril 2019 la li anonse ke senatè Gracia Delva gen kominikasyon ak chèf bandi Site de Dye a e ki aktyèlman ap bay panik nan depatman Latibonit lan Anel Joseph.

Ansyen komisè Potoprens lan ki idantifye yon nimero kòm nimero chèf bandi Anel, fè konnen de sèt (7) fevriye 2019 a 22 fevriye 2019 chantè Mass Konpa e senatè Latibonit Gracia Delva pale pou pi piti venn kat (24) fwa ak bandi Anel Joseph nan telefòn, e gen apèl ki di dire 15 minit, yon minit, yon minit kèk segond poun repete sa yo.

Senatè Jean Renel Senatus ki se prezidan komisyon jistis ak sekirite nan sena a anonse yap gen pou tande Gracia Delva sou pil apèl sa yo ke li genyen ak nimero telefòn sa ke chèf gang Anel Joseph ta ap itilize.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …