Nan yon operasyon lapolis peyi Dayiti mennen nan Senlwi di sid jounen vandredi 2 septanm 2022 a, de bandi tonbe, yo rive sezi de zam ladan yo yon M16 -A1 ki se pou gouvènman ameriken selon yon veteran nan lame peyi Etazini.
M16-A1 sila selon veteran lame ameriken, Rod Joseph zàm sa se premye seri M16 gouvènman ameriken te fè pou gè Vyetnam, selon veteran an leta ayisyen dwe egzije gouvènman ameriken pou di kijan yon zam konsa fè ateri nan lakou peyi Dayiti e nan men bandi ankò