AYIYI/ ASASINA: PAKÈ PÒTOPRENS AP CHACHE YON BANN LIDÈ POLITIK AK GWO PWOTANTA NAN PHTK.

Komisè gouvènman Pòtoprens lan, mèt Bed Ford Claude, lanse plizyè manda dèyè gwo responsab politik ak gwo chabrak nan PHTK, lajistis ap chache pou kounye a ansyen minis jistis Paul Denis, kòdonatè PHTK Liné Balthazar, Pastè Gerard Forges Janvier ak Gerald Bataille epi antreprenè Samir Handall.

Daprè pakè Pòtoprens, seri moun sa yo sispèk nan asasinay ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moïse, lakay li nan Pèleren 5 komin Petyonvil, nan lannwit 6 pou louvri 7 jiyè 2021 an.

Nou ap souliye, selon yon sous nou fè konfyans otorite direksyon santral polis jidisyè (DCPJ), ap remèt jounen madi 3 dawout 2021 an, dosye asasina ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moïse, nan pakè Pòtoprens.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Lemond/konfli: Prezidan peyi Kolonbi an leve tout plim sou do prezidan ameriken an, Donald Trump.

Gwo konfli ant prezidan ameriken an, Donald Trump ak prezidan peyi Kolonbi an, @petrogustavo. Konfli …