Nèf (9) moun mouri e 300 lòt disparèt se bilan dega baraj minyè a fè nan peyi brezil,men yon chif ki kapab ogmante nan ti res tan ki rete yo anko.
Yon peyizaj byen vèt kouvri ak labou nan komansman aprè midi nan zòn Minas Gerais,Yon baraj minye kraze e pase bwote tout sal jwenn sou chimen’l
Plizyè sitwayen kap viv nan zòn sa plonje nan labou,e yon bann fatra toksik yo jete daprè kò ponpye zile a.
Otorite Peyi brezil mande ak Popilasyon vil BRUMADINHO a pou yo rapwoche zòn sa ni gade pa kiryosite paske nan kèk tan rivyè PARAEOBA kapab gen poul kontamine.
Yon santèn sekouris gentan sou plas e plis pase yon dizèn elikoptè ap siyonnen vil la pou yo kapab pote sekou bay moun ki pa mouri yo.
Pou patwon gwoup minye vale a se yon trajedi paske chif yo kapab ogmante nan kek moman anko
Daprè gouvènè rejyon an,plis tan ap pase pase se plis chans yo minim pou jwenn moun ki poko mouri yo paske 300 moun deja disparèt.
@val fednickson
valfednickson@gmail.com