De (2) asayan adolesan tiye 8 moun, aprè yo tiye tèt yo jounen mèkredi 13 mas 2019 la nan peyi Bresil nan yon lekol ki nan vil Sao Paulo.
Pou pipiti 8 moun jwenn lanmò yo nan yon fiziyad nan lekol Raul Brasil de Suzano, nan vil Sao Paulo. Pami viktim yo gen 6 timoun , de mouri lopital epi plizyè lot blese.
Atak sa a fèt vè 09h 30 nan lè lokal. De (2) asayan adolesan yo antre nan lekol lan louvri kout zam epi aprè tiye tèt yo. Gouvènè Sao Paulo a, João Doria fè konnen pou kounye a yo poko verifye si ayasan yo se asyen elèv lekol lan.
Peterson Louis.