CLAUDE JOSEPH REYAJI SOU ENFÒMASYON MEDYA KOLONBYEN AN TE BAY SOU LI KI TE FÈ KWÈ LI ENPLIKE NAN ASASINA JOVENEL MOÏSE

Premye minis pou yon ti bout tan an, Claude Joseph reyaji sou enfòmasyon medya kolonbyen an, Noticias Caracol te bay sou li ki te fè kwè li enplike nan asasina prezidan repiblik la Jovenel Moïse_ .

« Mwen ak anviwonnman nou minimize totalman kesyon caracol la », deklare Claude Joseph.

Chèf CSPN nan, pi lwen, fè konnen li tap twò fasil pou yon medya leve yon bon maten avèk « sipò konplotè yo pou yo ap bouye pis yo ». » Medya sa nou gen demach nou ta dwe fè bò kote l », daprè Claude Joseph.

« Sa pa afekte m. M konnen bagay sa yo ka vini paske m twò entèrese ak ankèt la e fòk ankèt la abouti e fòk mwen jwenn kriminèl yo », pawòl chèf gouvènman an, Claude Joseph.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …