DLO POTE ALE YON TI BIS NAN BELADÈ, PLIZYÈ MOUN MOURI NWAYE.

Nan komin Beladè, dlo pote ale yon ti bis ki t ap rantre Pòtoprens  samdi 29 me 2021 an. Ensidan sila a lakoz gen plizyè moun ki disparèt, gen sèlman 3 moun sou 18 ki rive chape daprè moun nan zòn nan._

Dlo rivyè lagwa ki te desann pote ale yon ti bis ki t ap rantre Pòtoprens  samdi a. Daprè moun nan zòn nan, anpil moun mouri nwaye, gen moun tou yo poko ka rive jwenn.

Daprè yon sous fyab, gen moun ki lopital k ap resevwa swen nan lopital.

Vis deleke Laskawobas la, Yvanovsky Joachim nan yon Interview li fè konnen sa ki pase a tris anpil. Vis delege a denonse yon gwoup moun ki bloke wout prensipal la pou zafè pèsonèl yo alòske anpil moun, nan sousi pou rantre Pòtoprens bije pase nan lòt wout ki lakoz yo pèdi lavi yo.

Echo Jounal

Kredi foto:doctisimos

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …