ENTÈNASYONAL: JILÈ JÓN YO LA PI RÈD POU LANE 2019 LA

Sa fè 8yèm Aksyon, mouvman fransè pwotestasyon sosyal jilè jón yo atake pou lane 2019 la ak yon lòt detèminasyon , yon nouvo mobilizasyon  « samdi mobilizasyon » nan kapital peyi lafrans « Paris » yon defile ap komanse devan otèl de vil pou al bout devan asanble nasyonal la.

Daprè 2 sondaj ki fèt,55% sitwayen fransè kontinye sipòte mouvman jilè jón nan ,e 3 sitwayen peyi sila sou 4 kanpe kont Prezidan peyi a « Emmanuel Macron ».

bò kote gouvènman an , ta sanble bagay yo vin pi di ,mo yo vin pi pike , aprè anons lan e lansman mezi pou fè kanpe manifestasyon ak vyolans yo.

Benjamin Griveaux , ki se Pòt pawòl gouvènman an fè konprann « mouvman jile jón yo » pou sa yo ki toujou rete mobilize , tounen tankou dife yap mete gaz ladanl , ki ap fè leve kanpe sa e vle ranvèse gouvènman sila.

koulye a , nan anons sa ki pa klè , kisa ki ta dwe fèt ,tankou nan NICE , nan yon lopital,kote jilè jón yo abite plizyè fanmi migran depi 23 desanm 2018.

 

Fednickson Val

+509 44903939

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …