ESPAY/KOWONAVIRIS:  NOUVO BILAN KI BAY DETAY SOU KANTITE MOUN KI PRAN NAN KOWONAVIRIS LA E KI GENTAN MOURI BAY GWO KÈ KASE NAN PEYI LESPAY.

Gwo kè kase nan peyi Lespay apre otorite sanitè yo fin soti maten mèkredi 18 mas 2020 an nouvo bilan sou kantite moun ki gen kowonaviris la e ki gentan pèdi lavi yo.

Selon bilan sila plis pase 13 700 moun gen kowonaviris la epi 600 lòt gentan fè vwal pou peyi san chanpo sa ki vin fè peyi Lespay pran dezyèm plas la nan kontinan ewop la kote ki gen plis moun ki kontamine epi ki pèdi lavi yo. Espay vin katriyèm peyi nan mond lan kote pandemi sila ap taye banda plis.

 

kredi foto: Europe 1

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …