ESPÒ: 119 LANE ISTWA POU EKIP FC.BARCELÒN NAN.

PAR: MICHELET ALCIDOR

*119 lane istwa, BARÇA plis ke yon club.*

*Jounen jedi 29 novembre 2018 pase an fè 119 lane depi club FC Barcelone lan egziste. Club catalan ki te kreye pa Joan Gamper te jwenn anpil obstak sou wout li men sa pat anpeche li te toujou avanse, jounen jodia li vini youn nan pi gwo club nan mond lan nan zafè foutbòl.*

Se nan lane 1899 yon Swis  ki te rele Hans Gamper (ansyen jwè club swis FC Bâle) te deside poul te fonde club football sa nan vil Barcelone akòz yo pat aksepte’l jwe nan club « Gimnasia Tolosa » yn club ki te nan vil Barcelone paske nan epòk sa club yo pat dakò entegre okenn jwè etranje nan ran yo. Epi le 29 novanm 1899 Hans Gamper ki ta pral pran non Catalan Joan Gamper te deside fonde Club FC Barcelone avèk 11 lòt imigre parèy li.

Club Catalan ki se youn nan club ki toujou patisipe nan premye divizyon chanpyona espanyòl la depi lè chanpyona sa kòmanse nan lane 1929 ta pral devlope trè rapid pou’l vini vizaj ak pòt paròl rejyon sa, sa ki ta pral metel nan gwo pwoblèm ak otorite peyi lespay yo. Pandan gouvènman diktaktè Francisco Franco a club Blaugrana ta pral konnen yon peryòd nwa ki te make ak tout kalite pèsekisyon tankou: fiziyad prezidan club la nan epòk sa Josep Sunyol pou ranplase’l pa yon pwòch pouvwa Enrique Piñeyro.

Lane 1968 ta pral vini yon ane senbolik pou club la ak nouvo prezidan Narcís de Carreras ki ta pral vini ak yon nouvèl vizyon nan yon diskou kote li te pwononse « el Barça es més que un club » (Barça plis ke yon club)sa ki tou vini deviz club la.
Prezidan ki vinn aprè Agustí Montal ta pral kontinye sou menm lanse sa pou’l rekrite antrenè Holandè Rinus Michels ki te vini ak stil foutbòl total la ansanm ak Johann Cruijff ki te konsidere kòm meyè jwè ewopeyen nan moman.

An 1978 kèk mwa aprè fin gouvènman Franco a demokrasi te kòmanse tabli nan peyi a, prezidan nan epòk la Josep Lluís Nuñez vinn ak yon lòt pwojè pou pèmèt club la rive nan pi wo nivo mondial, sou konsèy Johan Crijff li ouvri « la Masia » sant fòmasyon club la ki se pi gwo lekòl foutbòl nan mond lan. Sou menm prezidan sa club la pral rive ranpòte premye tit ewopeyen li nan sezon 1990-1991 avèk Johan Cruijff kòm antrenè, yon tit ke socios yo tap tann depi lontan.

Johan Cruijff ki se yon lejand nan club sa akoz li se antrenè ki pi dire ak ranpòte plis tit ak ekip la (11 trofe pandan 8 tan). Men tou paske li rive instale foutbòl total la nan ADN Barça avèk la Masia ki pwodui yon pakèt gran jwè tankou: Josep Guardiola, Luis Enrique, yo tou de pase kòm jwè e kòm antrenè men tou yon bèl jenerasyon dore ki gen ladann Xavi, Iniesta, Busquets ak Messi pou’n site sa yo sèlman ki te pèmè Barça domine foutbòl mondial la.

Michelet ALCIDOR.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …