ESPÒ/BASKÈT BÒL ASHBAC: EKIP ONA A AP FÈ TWAZYÈM SOTI YO SAMDI 9 MAS:

Ekip Baskètbòl Ona ap afwonte samdi 9 mas 2019 la Tele Amikal a 4:30 nan aprè midi nan CFC ki chita kò li nan zòn Babyòl ak yon staf ki genyen Paul Emile Adrien direktè espòtif, Alexandre Lemoine antrenè ak de (2) asistan ki se St Hubin Mackensi epi Mitilien Warence, Stéphane Doltenus nan staf manager a.

Ona ki deja sou de (2) viktwa nan chanpyona sila a ap panse pou yon twazyèm siksè selon youn nan asistan yo St Hubin Makinsi ki tap reyaji nan mikwo nou apre yo te fin pase men sou ekip PNH la (101-71)  epi yo te mete do ekip Sport center an atè (88-84). Stéphan Doltenus kap fè yon travay move nan staf manager selon ekip la deklare ak sipò direktè Chesnel Pierre pote nan ekip la, ONA pa pè pèsòn.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …