Nan okazyon dènye jounen match gwoup yo nan lannwit mèkredi 22 janvye 2020 an Juventus des cayes jwenn kalifikasyonl pou demi final pleyòf chanpyona asansyon an ki gen ti non d2.
Nan yon match trè ekilibre kote de meyè ekip nan gwoup sa tap jwe pou plas kalifikasyon nan gwoup sila.
Avan match la ekip Pòtoprens lan te bezwen yon match Nil poul te kenbe twon nan, men kayen yo ta pral konte sou Jean Max Guerrier ki ta pral vire an bon gèrye pou make sèl gòl rankont lan pou bay espwa ak ekip sid la (1-0).
Apre 3 match cayen yo fini nan premye plas la avèk (7) pwen de (2) viktwa epi yon (1) match nil, Aigle Noir ki te pati favori nan gwoup sa fini dezyèm avèk sis (6) pwen de (2) viktwa epi yon (1) defèt.
USR, JUVENTUS se de (2) ekip sa yo ki gentan kalifye pou demi-finale yo kap gen pou jwe nan semèn kap vini an.
Jocelyn Couyoute