Emilio, pitit gason Michael Ballack ansyen jwè Bayern, Chelsea e Mannschatf, mouri jedi 5 dawout 2021 nan yon aksidan kwad nan peyi Pòtigal, patikilyèman nan sid kapital la, Lizbòn ._
Emilio, pitit gason Michael Ballack la rann dènye souf li swit ak yon aksidan sou wout la an kwad. Emilio Ballack te gen sèlman 18 lane sou tèt li.
Aksidan an fèt nan yon zòn ki pa twò lwen yon pwopriyete Michael Ballack te achte kote sa ki gen plizyè lane.
Emilio te an vakans yon kote ki rele « Troia », nan peyi Pòtigal ki nan sid kapital lizbòn.
Emilio kite dèyè 2 frè li te devlope bon rapò ak yo : Louis, pi gran an ak Jordi.
Michael Ballack, ansyen jwè Chelsea ( 165 match) ak ekip Mannschatf la (98 seleksyon), te chwazi Pòtigal pou retrèt li apre li te fin swanye yon timè li te gen nan mwal epinyè li.
Sou rezo sosyal yo, ekip Chelsea a prezante kondoleyans li ak fanmi Ballack apre sa ki rive a. » Tout klèb la devaste, epi choke aprann nouvèl lanmò Emilio a. Tout panse nou ale jwenn Michael ak pwòch li nan moman difisil sa. »
Jackson junior Rinvil
Kredi foto:fb