Pou prepare Jo Tokyo 2020 an seleksyon fanm peyi Dayiti a fè yon match Nil kont Canada (1-1).
Sa fè yon (1) semèn depi Laurent Morthel avèk estaf teknik la kite peyi an pou al prepare Jo Tokyo 2020 an nan peyi etazini pi presizeman nan vil Houston.
Nan kad preparasyon sa, ekip canada kap prepare pou eliminatwa yo antann li avèk grenadyè yo pou yon match Nil (1-1), se Mikerline Saint Félix ki make gòl ayiti an nan dezyèm mitan, men kanadyèn yo pat pran tan pou egalize, eskò final (1-1).
Nap raple premye match seleksyon feminen an se pral pou 28 janvye 2020 kont Etazini.
Jocelyn Couyoute.