ESPÒ/FOUTBÒL/KOWONAVIRIS: YON CHANPYON DIMOND NAN EKIP LAFRANS NAN LANE 2018 NAN KANPE LWEN APRE TÈS YO FIN DI LI GEN KOWONAVIRIS.

Selon klèb italyen an Juventus, milye teren yo a entènasyonal fransè a Blaise Matuidi nan kanpe lwen lakay li depi 11 mas 2020 an apre tès yo fin fè konnen ke li gen kowonaviris.

Jwè fransè a ki gen 32 lane sou tèt li se dezyèm jwè ekip Juventus la ki rive frape ak pandemi sila ki ouvè zèl li nan peyi Itali, sa ki lakoz tout aktivite ki reyini moun kanpe, tout match anile, legliz lekòl, biznis fèmen.

Nap raple Blaise Matuidi se yon chapyon dimond nan lane 2018 kote peyi li Lafrans te genyen konpetisyon sila.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …