Deja chanpyon olenmpik nan vil Rio nan lane 2016, Brezil konsève tit li epi ranpòte final JO Tokyo 2020 anfas ekip Espay la samdi 7 dawout 2021an.
Yon lòt meday dò pou koyekipye Dani Alves yo nan je olenmpik. Senk (5) lane aprè Brezil te bat lakay li Almay nan final, ekip brezilyèn nan konsève tit chanpyon olenmpik ki fèt Tokyo nan peyi Japon apre viktwa li sou ekip Espay la.
Fas ak ekip espanyòl la, Richarlison ak koyekipye yo pa te jwenn yon pati fasil, men yo finalman bat match la 2-1 nan pwolongasyon gras ak yon gòl Malcom fè nan pwolongasyon an menm ki bay Brezil viktwa a.
Jackson junior Rinvil
Kredi foto:fb