ESPÒ/KOPA AMERIKA 2021 : NEYMAR SWETE RANKONTRE AJANTIN NAN FINAL

Neymar vle afwonte Ajantin nan final Kopa Amerika 2021 an.Fini meyè jwè nan match demi final Brezil kont Perou a (1-0) atakan brezilyen an te bay enpresyon li sou match la pandan li te tou pwofite fè konnen ki ekip li ta renmen rankontre nan final.

Jwè PSG a jwe yon gwo match. Lojikman, li merite tit meyè jwè la li pran an. Kalifye seleksyon Brezil la pou final, Neymar pa ta swete rankontre epi chanpyon sou nenpòt ekip.

« M vle jwe final la kont Ajantin. M gen anpil zanmi an Ajantin, m vle jwe anfas yo. E Brezil ap genyen », deklare nimewo 10 ekip Brezil la.

Ajantin ap gen pou jwe demi final pa li a kont ekip Kolonbi a.

Jackson junior Rinvil

Kredi foto:fb

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ballon d’Or 2025 : Entre prestige et illusion dorée.

Le 22 septembre prochain, le Théâtre du Châtelet à Paris accueillera la 69e cérémonie du …