ESPÒ/KOPA AMERIKA :BEL IMAJ NEYMAR AK MESSI NAN TINÈL VESTYÈ A APRE FINAL LA

Brezil pèdi 1-0 kont Ajantin nan final Kopa Amerika a. Sou teren an, apre final la, dlo pa te sispann pwopaje nan je sispèsta brezilyen an, Neymar. E bon zanmi li ki te apèsi sa, tal konsole li sou teren an, men sitou nan vestyè a apre lè yo te fin bay twofe yo._

Sa gen 28 lane depi peyi Ajantin pa te janm ranpòte yo twofe majè. Leo Messi ak Ajantin rive mete do Brezil atè nan estad mitik marakana a ki nan Rio.

Yon defèt ki lakoz dlo sot nan je Neymar apre kout siflè final la. Men anpil jwè ekip Brezil la ak kèk jwè Ajanten te konsole jwè PSG a.

Sepandan, apre selebrasyon Neymar pa te pran tan pou li te retounen jwenn souri li daprè bèl foto, li menm ak Messi k ap pale nan tinèl vestyè a, k ap sikile sou tout rezo sosyal yo.

Se te yon bèl retwouvay anpil moun t ap tann. Neymar ak Messi se de bon zanmi, de ansyen koyekipye nan ekip « Barcelone » nan.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ballon d’Or 2025 : Entre prestige et illusion dorée.

Le 22 septembre prochain, le Théâtre du Châtelet à Paris accueillera la 69e cérémonie du …