Dezòmè nou konnen non 16 ekip ki kalifye pou 8è de final yo avèk faz gwoup yo ki rive nan bout li. jounen sa ki te chaje ak anpil anje akòz tout ekip yo tap chache fini an premye pozisyon pou yo ka benefisye yon pi bon tiraj, men tou te rete yon grenn biyè disponib pou 8è de final yo.
Yon match nil sèlman (1-1) fas ekip Shakhtar Donetsk la te sifi pou pèmèt Lyon pran dènye biyè ki te disponib pou 8è de final pandan ke Hoffenheim ki te gen chans pou’l kalifye tou tonbe devan Manchester City (2-1).
Yon lòt fwa ankò Real Madrid tonbe devan CSKA Moscou. Aprè yo te finn pèdi (1-0) nan peyi Russie chanpyon an tit yo sibi yon lòt fwa ankò lwa ekip Russe la (3-0) sou pwòp tèren pa’l. Malgre defèt sa Madrilène yo toujou rete nan tèt klasman gwoup la akoz ekip AS Roma li menm tou fè yon defèt (2-1) devan ekip Viktoria Plzen.
Sa pa mye pase pou Juventus de Turin ki pèdi 2-1 fas ak ekip Young Boys la. Se sou menm eskò sa (2-1) Manchester United tonbe devan valence.
Bayern Munich ak Ajax Amsterdam ki te deja kalifye pat rive depaje yo (3-3) nan yon match ki te dwe deside kiyès kap premye nan gwoup la. Benfica bò kote pa’l kite konpetisyon an sou yon viktwa (1-0) fas ak AEK Athènes.
Men lis ekip ki kalifye nan chak gwoup yo:
Gwoup A
Borussia Dortmund
Atletico Madrid
Gwoup B
FC Barcelone
Tottenham
Gwoup C
PSG
Liverpool
Gwoup D
Porto
Shalke 04
Gwoup E
Bayern Munich
AJAX Amsterdam
Gwoup F
Manchester City
Lyon
Gwoup G
Real Madrid
AS Roma
Gwoup H
Juventus
Manchester United
Michelet ALCIDOR
micheletalcidor@Gmail.com