ESPÒ LIGA: DE (2) MATCH, DE (2) VIKTWA POU ANTRENÈ FRANSÈ A ZINEZINE ZIDANE.

Real Madrid genyen Huesca difisilman(3-2), jounen dimanch 31 mas la, nan bènabewou an. Dezyèm match e dezyèm viktwa zidane avèk ekip mèrenge a. Zidane sanble tounen ak solisyon yo.

Nan yon match kote teknisyen fransè a mete majorite jwè rezèv yo, Lucas zidane pitit li an te nan kan an. Match lan te difisil anpil pou ekip kasablanka men yo sove twa pwen an pou kontinye ogmante presyon an sou At Madrid pou dezyèm plas nan chanpyona a. Depi nan kòmansman rankont lan Huesca te louvri skò a, sa ki ta pwal met real nan obligasyon pou al chèche egalizasyon an. Ekip lan te toujou rete motive. Ou te santi anpil detèminasyon lakay jwè zidane yo. Gras ak Isco real te jwenn gòl pou met match la (1-1). Sa fè dezyèm gòl Isco depi lè zidane tounen an. Malgre plizyè tantativ tou de kote yo men premye mitan an te fini sou skò sa a.

Nan dezyèm peryòd lan, ekip Real lan te kontinye ap miltipliye aksyon, kreye okazyon men toujou difisil pou konkli aksyon yo, Bale rate plizyè aksyon klè. Poutan Huesca t ap eseye atake sou kont men Ramos souvan gen rezon sou atakan Huesca yo. Aprè sipèb sant de bale anpwofondè pou Benzema ki fè yon deviyasyon ak tèt li nan dezyèm poto a, Dany Ceaballos make dezyèm gòl ekip mèlenge yo. Yon gòl ke yo tap chèche lontan, ki pote yon delivrans nan kan kasablanka yo. Men ekip Huesca a pat dekouraje e kontinye atake pou jwenn yon dezyèm gòl nan match lan tou ebyen sa pat pran tan ekip Huesca jwenn egalizasyon an sou yon kònè (2-2). Real ki gen obligasyon pou l fè viktwa devan piblik li, zidane kontinye ap pase konsin ak poulen l yo. Nan dènye minit match lan bale resevwa yon balon sou koulwa goch lan, santre, Ramos fè deviyasyon ak pwatrin li, benzema kontwole epi tire adwat Santamaria ki pa ka fè anyen pou balon an. Fransè a ofri viktwa a ak Real, ki kontinye ap mete presyon pou dezyèm plas lan. Zidane tounen, real rejwenn gou viktwa.

Peterson Louis.

Kredi foto: football 365

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ballon d’Or 2025 : Entre prestige et illusion dorée.

Le 22 septembre prochain, le Théâtre du Châtelet à Paris accueillera la 69e cérémonie du …