ESPÒ/ SERI A : JUVENTUS BAT CAGLIARI, MILAN AC PA FÈ MYE KE YON NIL KONT SANDORIA, ATALANTA KONTINYE AP BAY SANSASYON LI IMILYE PARME, INTER BAT NAPLE.

Pou premye jounen nan ane 2020 an nan match ki konte pou 18tyèm jounen chanpyona Itali an te gen plizyè bèl afich.

Yon (1) triple pou cristiano Ronaldo (49e, 67e sou pennal, 82e minit) epi yon (1) gòl pou Gonzalo Iguain (81′) fè Juventus baleye Cagliari (4-0) ak yon premye triple cr7 nan seri A.

Avèk (45) pwen Vyèy dame nan pateje tèk klasman an avèk Inter Milan ki fè yon bèl operasyon sou teren Napoli (1-3) avèk de (2) gòl pou Lukaku yon (1) gòl Lautaro Martinez.

 

Atalanta Bègame mal mennen Parme (5-0) yon bèl sezon pou pwoteje Gian Piero Gasperini yo.

 

Malgre prezans Zlantan Ibrahimovic Milan Ac pa fè mye ke yon (1) match Nil (0-0) kont Sandoria.
Yon seri twa (3) match san siksè pou poulen Stefano Pioli yo okipe douzyèm (12èm) plas nan seri A.

Pwochen jounen an Atalanta ap gen poul deplase poul al jwe kont Inter, Juventus ap deplase nan kapital la pou al jwe kont As Roma nan Stadyo Olimpik la.

 

 

OTÈ: Jocelyn COUYOUTE

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …