ETAZINI/ELEKSYON: YON CHOFÈ KAMYON ELI SENATÈ NAN NEW JERSEY

Kandida repibliken an, Edward Durr, chofè kamyon pou yon konpayi mèb, bat ansyen prezidan sena eta New Jersey Steve Sweeney pandan li depanse 1813$ nan kanpay li.

Edward Durr bat lidè demokrat la, Steve Sweeney. Chofè kamyon an, malgre li depanse pou piti pase 2000$ nan kanpay li, li rive anpeche lidè demokrat la pran yon lòt manda.

Pandan kanpay li, nan 1813$ repibliken an depanse a gen 66,64$ ki te pou kesyon rafrechisman pou moun ki ap ede l yo e pou pankat ak dokiman an papye.

Edward Durr pase 25 lane nan vil kòm chofè woutye avan li vin chofè pou yon konpayi mèb. Alòske, Steve Sweeney, bò kote pa l, pase anviwon 20 lane nan kò lejislatif Leta a anvan li te vin prezidan li nan lane 2010.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …